);

Michel “Sweet Micky” Martelly vin-n 56èm Prezidan peyi d’Ayiti

“Martelly Prezidan”, se sa ke Eddy Egzime  te kriye apre ke  yo te fin-n bay rezilta  prelimè yo nan radyo.

Kite yon karyè mizikal pou vin-n prezidan eli, josèf Michel ” Sweet Micky” Martelly genyen eleksyon yo ak  presizeman 67.57 pousan vòt, li bat ansyen premye dam Milande Maniga ki li menm te genyen selman 31.74 pousan.

” Lajwa blayi nan kè tou moun” se sa ke sitwayen e abitan Pòroprens, Exume  ki gen 23 lane te di. ” Pat gen ni deblozay, ni vyolans, apre yo te fin-n anonse rezilta yo. Pèp la te pran randevou sou Chan-n Mas pou fete.”

Nan diskou li te bay apre viktwa eleksyon  prezidansyel yo Martelly di “Mwen touche anpil, e mwen kontan tou pou-m wè ke ti pèp la chwazi-m pou sèvi ti bout tè sa a kote mwen fèt, ki encheri-m ak anpil espwa e ke mwen renmen ak pasyon.”

“Wi, frè-m ak sè-m ayisyen, nou benyen-m ak lonè, dèske nou chwazi mwen men-m ansyen “grenn senk” pou reprezante nou, nou chwazi-m pou mennen nan bon pò, presye peyi nou, Ayiti”

Martelly te voye tou yon gwo kout chapo bay kominote entènasyonal la pou “sipò yo nan pwosesis elektoral la e tou pou respè yo genyen pou pèp ayisyen an.

Li kontinye pou l di “Mwen swete ke nou pral travay ansanm, men nan men pou fè lajwa Ayiti, peyi-m, patnè’w e zanmi w.”

Ambasad ameriken an Ayiti te fè soti yon deklarasyon pou felisite rezilta dezyèm tou yo. ” Anons Conseil Electoral Provisoire (CEP) sou rezilta preliminè eleksyon yo se yon pa enpòtan pou pèp ayisyen an pandan yap vanse pi pre rekonstriksyon peyi yo,”

Egzime, konm tout lot konpatriyòt ayisyen, te tann ak anpil pasyans rezilta eleksyon 20 Mas yo. Malgre ke yo te bay rezilta yo en reta paske te gen chuichui sou kesyon fròd, yo te rive izole e redui ka ki te kreye pawol anpil yo, kontrèman a eleksyon 28 Novanm yo.

Yves Dayiti, yon animatè pwogram radyo ayisyen “Konbit lakay” nan lakou Washington DC te asiste eleksyon yo. ” Apre eleksyon yo, mwen te predi ke  Mateli ap genyen,” Dayiti te rapòte tou ke la ri a te plen ak fanatik Martelly.

“Pèp la pa gen espwa  sou klas politik la, yo mande chanjman.”

Majorite moun ki sipòte Martelly yo se malere ki pèdi tout konfians ak espwa nan politisyen magouyè . Sa fè lontan, anpil ayisyen santi ke chak gouvènman ki moute pa regle anyen pou mas pèp la, alò yo deside vote pou yon kandida ki pa rasi nan politik.

“Mwen se ayisyen e m’ ta renmen wè Ayiti vinn miyò,” Egzime di an kreyol. “Mwen mete espwa m sou Martelly. Koulye a map rete tann sak pral pase demain paske moin pare pou chanjman.”

Anpil jenn  moun “kwè” nan Martelly paske yo santi li ka sèvi  popilas jenn yo. Edikasyon, travay, se premye bagay yap tann, e Exume di. “Martelly promèt pou l chanje sistem politik la”

 “Se paske pa gen edikasyon, pa gen  travay ki fè ke jenès la lage nan fè move zak” Egzime di ” Martelly promèt lap chanje tout bagay sa yo.”

Martelly transfòme imaj  ” Sweet Micky” a, kounye a li vinn yon nònm konsèvatif e  rafine gras a  gwo kout zepòl li te jwenn nan men konpayi entènasyonal Ostos & Sola. Se menm konpayi sa kite ede ansyen kandida a la prezidans John McCain nan lane 2008.

Men Martelly pa janm bay sous ki kontribye nan kanpay li yo.

Pandan Dayiti te an Ayiti,  li resevwa yon mesaj sou telefòn selilè  digicel li. Mesaj sa tap ankouraje kliyan pou al vote pou Martelly. Moun ki mèt Digicel la se yon blan ilandè yo rele Denis O’Brien, ese Digicel ki pi gwo konpayi selilè nan carayib la, nan pasifik ak nan Amerik santral la. Konpayi sa genyen yon envèstisman  plis pase 3.4 milye dola  ameriken.

Fè yon ti panse a sa, Dayiti di, ” konbyen moun ki ka jwenn aksè a rezo sa a?”

Ansyen premye dam Repiblik la, Madan Manigat gen chwa pou li leve kont rezilta eleksyon yo, si li vle paske atik 178 nan konstitisyon an pemèt sa.

Lè Mateli pran pouvwa a, li ap gen  anpil chay sou dol, espesyalman apre problem tranbleman tè sa ki ravaje peyi a nan lane 2010.

“Nou pare pou montre yon nouvo imaj de peyi Dayiti” Martelly te di nan yon antrevi ak jounal Reuters.

” Yo te toujou montre misè nou, malchans nou, kolera nou, imaj tranbleman tè yo, sepandan, Ayiti nan je pam se yon peyi rich ki poko menm eksplwate”